Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 12:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Jezi kòmanse pale ak pèp la an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li bare l, li fouye yon basen pou kraze rezen yo, li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi l pati an vwayaj.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Apre sa, Jezi pran rakonte yo yon parabòl. — Vwala se yon nonm ki te gen yon jaden rezen. Nonm lan leve lantouray klotire jaden an. Li fouye yon basen pou kraze rezen. Li bati yon kay bay moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li ak kèk moun pou okipe jaden an. Lèfini li pati l'al nan vwayaj.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Konsa, Li te kòmanse pale yo an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen, te antoure l avèk yon miray, e te fouye yon basen anba pèz diven an. Li te bati yon kay gad byen wo, e li te lwe l a kiltivatè yo. Konsa, li te fè yon vwayaj nan yon lòt peyi.

Gade chapit la Kopi




Mak 12:1
38 Referans Kwoze  

Se tankou yon moun ki pati pou yon vwayaj. Li kite kay li, epi li bay sèvitè l yo responsablite, chak moun gen zafè pa yo. Epi li bay gadyen an lòd poul veyatif.


Li t ap anseye yo anpil bagay, li te sèvi ak anpil istwa pou l te fè moun yo reflechi, li t ap di yo:


Wayòm syèl la se tankou yon nonm ki ap pati pou yon vwayaj byen long. Li rele sèvitè li yo pou l ba yo responsab tout byen li genyen.


Se li menm ki te ansanm ak pèp Bondye a lè yo te nan dezè a. Li te nan dezè a ansanm ak zansèt nou yo ak anj Bondye a ki t ap pale ak li sou gwo mòn Sinayi a. Li te resevwa pawòl vivan an nan men anj lan pou l transmèt li ban nou.


Men sa Jezi di yo: “Vwala se te yon nonm ki te fèt nan gran fanmi. Nonm nan te pati ale nan yon peyi byen lwen pou yo fè l wa. Apre sa, pou l tounen nan peyi li vin renye.


Kèk jou apre sa, ti gason an rasanble tout bagay, li pati ale nan yon peyi byen lwen. Lè l rive la, li gaspiye tout byen li yo nèt nan banbòch.


Jezi reponn yo: “Bondye fè nou gras pou nou konnen tout ti sekrè wayòm Bondye a. Men lòt yo menm, yo pale ak yo an parabòl poutèt Menm lè yo wè, yo pa vrèman wè. Menm lè yo tande, yo pa vrèman ni tande ni konprann.


“Di m kijan nou konprann sa? Yon papa te gen de pitit gason. Yon jou li di pi gran an: Pitit mwen, al travay nan jaden rezen m nan pou mwen jodi a.


Pyè ak Jan reponn li: “Ki kote ou ta renmen nou prepare manje a?”


Epi li te sèvi ak parabòl pou anseye yo anpil bagay. Li di yo: Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn.


“Koute yon lòt parabòl. Te gen yon pwopyetè ki te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li, bare l. Li fouye yon basen kote pou yo kraze rezen yo pran ji a. Li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi li pati an vwayaj.


Lè dat rekòt la rive, mèt jaden an voye kèk sèvitè bò kote moun ki t ap jere yo pou yo voye pati rekòt pa l pou li.


Jezi rele yo epi li pale ak yo an parabòl: “Ki jan Satan ka fè chase Satan?


Lè sa a yo reponn Jezi: “Nou pa konnen.” Jezi di yo: “Mwen non plis, m p ap di nou ak ki otorite m ap fè bagay sa yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite