Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 4:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Li di yo: “Se nou menm sèl Bondye bay posibilite pou konprann sekrè wayòm Bondye a, men moun deyò yo m ap di yo tout bagay avèk istwa pou fè yo reflechi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Li di yo: — Nou menm yo bay sekrè Peyi kote Bondye Wa a. Men moun ki deyò yo, se sèl parabòl la yo tande.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Li te di yo: “A nou menm te gen tan bay mistè a wayòm Bondye a; men sila ki rete deyò yo, ap resevwa tout bagay an parabòl.

Gade chapit la Kopi




Mak 4:11
20 Referans Kwoze  

Apre sa Jezi leve vwa li, li di: “Mwen louwe non ou, Papa, Senyè syèl la ak tè a, dèske ou te kache tout bagay sa yo devan je nèg save yo ak moun lespri yo. Alòske ou revele yo bay ti piti sa yo ki pa reprezante anyen.


Men nou menm, benediksyon pou nou paske je nou yo wè, zòrèy nou yo tande.


Jezi di Pyè: “Simon, pitit Jonas, ou se yon nonm beni. Sa w di la a, yon lòm pa ta ka fè w konnen l. Se sèl Papa m ki nan syèl la ki te ka fè konnen sa.


Jezi rele yo epi li pale ak yo an parabòl: “Ki jan Satan ka fè chase Satan?


Pita, Jezi te pou kont li ak douz disip li yo epi ak lòt moun ki te konn avèk li. Yo te poze Jezi yon kesyon sou parabòl yo.


Li t ap anseye yo anpil bagay, li te sèvi ak anpil istwa pou l te fè moun yo reflechi, li t ap di yo:


Jezi reponn yo: “Bondye fè nou gras pou nou konnen tout ti sekrè wayòm Bondye a. Men lòt yo menm, yo pale ak yo an parabòl poutèt Menm lè yo wè, yo pa vrèman wè. Menm lè yo tande, yo pa vrèman ni tande ni konprann.


Ki sa k fè w panse w siperyè a lòt moun? Ki sa w genyen se pa ba ou yo te ba ou l? Nan ka sa a, poukisa w ap frape lestomak kòmsi se pa t ba ou yo te ba ou l?


Paske yon jou, Bondye di: “Se pou limyè briye nan fènwa.” Se menm Bondye sa a ki fè limyè li briye nan kè nou. Li fè nou konnen glwa li k ap briye sou vizaj Kris la.


Se te yon plan sekrè Bondye te genyen byen lontan pou l te reyalize pa mwayen Jezikris. Kounye a, li fè nou konnen sa.


Lè nou ansanm ak moun ki pa gen lafwa yo, se pou nou aji ak sajès, se pou n pase tan nou nan fè sa ki byen.


Lè ou fè sa, moun deyò yo va respekte w poutèt fason ou viv. Ou p ap bezwen depann sou lòt moun pou ka viv.


Fòk moun ki pa kretyen yo bay bon temwanyaj pou li. Lè sa a, pèsòn p ap pale l mal epi konsa, li p ap tonbe nan pyèj satan mete pou li.


Nou konnen Pitit Bondye a te vini epi li te ban nou entèlijans pou nou konnen Verite a. Epi nou nan verite a, nan Pitit li a, Jezikris. Se li ki Bondye toutbon vre a, se li ki lavi etènèl la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite