Andedan sinagòg la te gen yon nonm ki te gen yon men pòk. Kèk moun ki t ap chache yon okazyon pou akize Jezi poze l yon kesyon: “Èske lalwa pèmèt moun fè gerizon nan jou repo a?”
Mak 3:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jezi di nonm ki te gen men paralize a: “Kanpe nan mitan pou tout moun ka wè w.” 1998 Haïtienne Jezi di nonm men pòk la: — Leve vin kanpe nan mitan. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te di nonm avèk men sèch la: “Leve vin devan!” |
Andedan sinagòg la te gen yon nonm ki te gen yon men pòk. Kèk moun ki t ap chache yon okazyon pou akize Jezi poze l yon kesyon: “Èske lalwa pèmèt moun fè gerizon nan jou repo a?”
Kèk moun ki te la t ap veye Jezi byen pou wè si Jezi ta geri nonm nan jou repo a, pou yo ta jwenn yon bagay pou akize l.
Jezi mande moun yo: “Èske lalwa pèmèt nou fè bon bagay oubyen move bagay jou saba? Èske lalwa pèmèt sove lavi oubyen touye yon moun.” Yo pa reponn Jezi yon mo.
Men, Jezi ki te konnen sa k t ap pase nan tèt yo, li di nonm ki te andikape a: “Leve kanpe nan mitan la a.” Nonm nan leve, li kanpe.
Toutotan l lajounen toujou, fòk nou kontinye fè travay moun ki voye m nan. Lannuit gen pou vini, lè sa a pèsonn p ap ka travay ankò.
Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm mwen renmen anpil, kenbe fèm, pa lage! Angaje nou pi plis chak jou nan travay Senyè a. Jan nou konnen l deja, travay nou fè pou Senyè a p ap janm pèdi.
Nou pa fèt pou n janm bouke fè sa ki byen, paske, si nou pa dekouraje, n ap jwenn rekonpans nou lè lè a rive.
Se kon sa tou, anpil frè ak sè nan fanmi Bondye a vin pran plis kouray nan Senyè a, paske m nan prizon. Yo kòmanse vin gen plis kouray de jou an jou pou yo anonse Levanjil la san krent.
Menm jan Kris te soufri poutèt sa moun te fè l, nou menm tou, pare pou n soufri. Paske yon moun ki aksepte soufrans nan lavi sa a fini ak peche.