Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 3:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Kèk moun ki te la t ap veye Jezi byen pou wè si Jezi ta geri nonm nan jou repo a, pou yo ta jwenn yon bagay pou akize l.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Moun ki te la yo t'ap veye pou wè si Jezi t'ap geri nonm lan jou Saba a pou yo te ka akize li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Yo t ap veye L pou wè si Li t ap geri li nan Saba a pou yo ta kapab akize Li.

Gade chapit la Kopi




Mak 3:2
12 Referans Kwoze  

Andedan sinagòg la te gen yon nonm ki te gen yon men pòk. Kèk moun ki t ap chache yon okazyon pou akize Jezi poze l yon kesyon: “Èske lalwa pèmèt moun fè gerizon nan jou repo a?”


Jezi di nonm ki te gen men paralize a: “Kanpe nan mitan pou tout moun ka wè w.”


Yon jou saba, Jezi t al manje lakay youn nan gwo chèf nan pami Farizyen yo. Tout moun ki te la yo t ap veye Jezi ak anpil atansyon.


Konsa, lidè Jwif yo tonbe chache jwenn okazyon pou pran Jezi nan pyèj. Yo voye espyon vin pran pòz yo sensè, pou yo ka chache pran pawòl nan bouch li pou akize l. Konsa, yo ta ka lage l nan men gouvènè a ki gen pouvwa pou arete l.


Skrib yo ansanm ak Farizyen yo t ap veye pou wè si Jezi t ap geri nonm nan pandan jou repo a, paske yo t ap chache jwenn yon koz pou yo akize l.


Yo te pale kon sa pou yo te kapab pran Jezi nan pyèj. Yo t ap chache yon okazyon pou akize li. Men Jezi bese epi li t ap trase atè a ak dwèt li.


Lè sa a, kèk nan Farizyen yo di: “Se pa Bondye ki voye nonm sa a, paske li pa obsève repo a.” Men, kèk lòt di: “Kòman yon nonm pechè kapab fè gwo mirak sa yo?” Konsa, te gen divizyon nan mitan yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite