Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 9:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Toutotan l lajounen toujou, fòk nou kontinye fè travay moun ki voye m nan. Lannuit gen pou vini, lè sa a pèsonn p ap ka travay ankò.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Toutotan fè klè toujou, se pou m fè travay moun ki voye m lan ban m fè a. Talè konsa pral fè nwit, pèsonn p'ap ka travay.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Fòk nou fè zèv a Li menm ki te voye M nan pandan li fè jou. Lannwit lan ap vini lè pèsòn p ap kab travay.

Gade chapit la Kopi




Jan 9:4
18 Referans Kwoze  

Yo reponn li: Pèsonn pa ban nou travay! Li di yo: Al travay nan jaden rezen m nan.


Jezi di nonm ki te gen men paralize a: “Kanpe nan mitan pou tout moun ka wè w.”


Jezi reponn yo: “Mwen fè anpil bèl bagay ki soti nan Papa a. Pou kilès ladan yo nou ta vle touye m ak kout wòch?”


Si m pa fè travay Bondye Papa m, pa kwè mwen.


Jezi di yo: “Limyè a avèk nou pou yon ti tan ankò. Mache toutotan limyè a la, pou fènwa pa kenbe nou. Paske moun k ap mache nan fènwa pa wè kote l prale.


Mwen te fè lwanj pou ou sou latè, mwen fini travay ou te ban m fè a nèt.


Jezi di: “Manje m se fè volonte moun ki voye m nan, manje m se fini travay li te ban m fè a.


Men jezi reponn yo: “Se vre! Amèn! Men m ap di tou: Pitit la pa kapab fè anyen poukont li. Li fè sa l wè Papa l ap fè sèlman.


Men mwen gen yon temwanyaj pou mwen ki pi gran pase tout sa Janbatis te di. Bagay m ap fè yo se temwanyaj mwen. Se sa Papa m te ban m fè. Yo temwanye Papa a te voye m vrèman vre.


Alò Jezi di: “Mwen avèk nou pou yon ti kras tan ankò. Epi m ap retounen jwenn moun ki te voye m nan.


Nou pa ka pe bouch nou, nou pa ka pa rakonte sa nou te wè ak sa n te tande.”


Konsa, pandan nou jwenn okazyon an, se pou nou fè byen ak tout moun, sitou pou moun sa yo ki kwè menm jan avèk nou nan fanmi Bondye a.


Pa kite okenn bon okazyon pase pou nou pa fè sa ki byen, paske tan sa yo n ap viv la a pa bon menm.


Lè nou ansanm ak moun ki pa gen lafwa yo, se pou nou aji ak sajès, se pou n pase tan nou nan fè sa ki byen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite