Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 3:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Li te di nonm avèk men sèch la: “Leve vin devan!”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Jezi di nonm men pòk la: — Leve vin kanpe nan mitan.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Jezi di nonm ki te gen men paralize a: “Kanpe nan mitan pou tout moun ka wè w.”

Gade chapit la Kopi




Mak 3:3
12 Referans Kwoze  

Li p ap dekouraje oswa vin kraze jiskaske Li etabli lajistis sou tout latè, epi peyi kot yo va tann lalwa Li.”


Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou fè lapriyè, e bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te kon fè oparavan an.


Epi vwala, te gen yon mesye avèk yon men ki sèch. Farizyen yo te mande L: “Èske li pèmi pou geri nan jou Saba a?” Yo te mande sa a pou yo ta kapab akize Li.


Yo t ap veye L pou wè si Li t ap geri li nan Saba a pou yo ta kapab akize Li.


Li te di yo: “Èske li pèmi nan Saba a pou fè byen, oubyen pou fè mal, pou sove yon vi, oubyen pou touye”? Men yo te rete an silans.


Men Li te konnen panse yo. Li te di a mesye avèk men sèch la: “Leve vin devan.” Konsa, li te leve vin devan.


Fòk nou fè zèv a Li menm ki te voye M nan pandan li fè jou. Lannwit lan ap vini lè pèsòn p ap kab travay.


Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.


Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.


Epi pifò nan frè nou yo mete plis konfyans nan Senyè a akoz anprizonman m nan, e yo vin gen plis kouraj toujou pou pale pawòl Bondye a san krent.


Konsa, paske Kris te soufri nan lachè a, ranfòse tèt nou osi avèk menm bi a; paske moun ki deja soufri nan lachè yo, gen tan sispann fè peche,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite