Lè dat rekòt la rive, mèt jaden an voye kèk sèvitè bò kote moun ki t ap jere yo pou yo voye pati rekòt pa l pou li.
Mak 12:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè sezon rekòt la rive, mèt jaden an voye yon sèvitè kote kiltivatè yo pou yo ba li pati pa l nan rekòlt la. 1998 Haïtienne Lè sezon rekòt la rive, li voye yon domestik bò kote moun ki t'ap okipe jaden an pou li. Li te voye chache pòsyon pa l nan rekòt rezen an nan men yo. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nan lè rekòlt la, li te voye yon esklav li kote kiltivatè yo pou l ta kapab resevwa kèk nan pwodwi jaden an nan men a kiltivatè yo. |
Lè dat rekòt la rive, mèt jaden an voye kèk sèvitè bò kote moun ki t ap jere yo pou yo voye pati rekòt pa l pou li.
Jezi kòmanse pale ak pèp la an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li bare l, li fouye yon basen pou kraze rezen yo, li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi l pati an vwayaj.
Men, kisa k ap rive ak yon sèvitè ki pa konnen kisa mèt li vle l fè? Si li fè bagay ki fè l merite pini, y ap pini l mwens pase sèvitè ki konnen byen sa pou l fè a. Moun Bondye konfye anpil, y ap espere menm plis pase sa yo te konfye l la de li.
Lè sezon rekòt la rive, mèt jaden an voye yon domestik al kote kiltivatè yo pou al chache pati pa l nan rekòt rezen an. Men, kiltivatè yo kenbe domestik la, yo bat li byen bat, epi yo voye l ale de men vid.
Nan tan pase yo, Bondye te pale ak zansèt nou yo pa mwayen pwofèt yo. Li te pale divès fason ak plizyè fwa.