Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Ebre 1:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Nan tan pase yo, Bondye te pale ak zansèt nou yo pa mwayen pwofèt yo. Li te pale divès fason ak plizyè fwa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Nan tan lontan, Bondye te mete pawòl nan bouch pwofèt yo nan divès okazyon ak divès jan pou l te ka pale ak zansèt nou yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.

Gade chapit la Kopi




Ebre 1:1
35 Referans Kwoze  

Kòmanse nan Moyiz, pase pran tout pwofèt yo, li pran eksplike yo tout sa ki te ekri sou li nan Bib la.


David se te yon pwofèt, epi li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te bay David garanti li t ap fè yon moun nan branch fanmi David chita sou twòn David la kòm wa.


Jan li te di zansèt nou yo, Abraram ansanm ak desandan l yo, li t ap fè l la, pou tout tan gen tan.”


Nou menm, nou vin anonse nou Bòn Nouvèl konsènan pwomès Bondye te fè zansèt nou yo.


Mesaj yo te pote a montre li gen tout valè li. Tout moun ki te meprize l oswa ki te dezobeyi l te jwenn pinisyon yo merite pou sa.


Li te di li t ap manifeste konpasyon li anvè gran paran nou yo, epi li t ap toujou sonje alyans san defo li te fè ak yo a.


Pòl chwazi yon jou ak Jwif yo pou yo pale, men jou sa a pi plis Jwif ankò te vini lakay Pòl. Depi maten rive jouk aswè, Pòl t ap eksplike yo epi li t ap preche yo wayòm Bondye a avèk fòs. Li pale yo de Jezi epi li t ap eseye konvenk yo. Pou sa, li te itilize Lalwa Moyiz la ak pwofèt yo pou l te ankouraje yo kwè nan Jezi, men yo pa t kwè.


Nou konnen Bondye te pale ak Moyiz, men nonm sa a, nou pa konn kote l soti.


Nou obeyi Lalwa Moyiz te bay sou sikonsizyon an epi pafwa nou fè l nan jou repo a. (Men an reyalite se pa Moyiz ki ban nou sikonsizyon an. Li soti depi zansèt nou yo ki t ap viv anvan Moyiz.) Wi, byen souvan nou sikonsi ti bebe gason yo nan jou repo a.


Apre sa, li di yo: “Bagay sa yo se sa m te di nou lè m te toujou la ansanm ak nou an? Mwen te di nou tout sa ki ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan liv pwofèt yo ak nan Sòm yo, dwe rive vre.”


Lè Lespri verite a va vini, l ap fè nou konprann tout verite a. Paske li p ap kominike pwòp panse pa l, men l ap di tout sa l va tande epi li va anonse nou tout sa k gen pou vini.


Men, li nesesè pou Jezi rete nan syèl la jouktan lè a rive pou Bondye Papa a restore yon relasyon ki dwat ant Bondye ak limanite. Bondye te pale de gran restorasyon sa a depi byen lontan deja nan bouch pwofèt li yo.


Konsa, se yon bagay ki sèten, si nou neglije kalite delivrans Bondye ap ofri nou jodi a, n ap jwenn pinisyon pou sa tou. Delivrans sa a, se Senyè a menm ki te anonse l an premye. Epi moun ki te tande l yo bay prèv se yon mesaj ki chita sou verite a.


Moyiz se yon sèvitè ki te fidèl nan tout kay Bondye a. Li te anonse moun sa Bondye te gen pou l fè nan tan k ap vini yo.


Nou konnen Jozye pa t mennen pèp la nan plas repo a. Paske Bondye pale de yon lòt jou repo apre sa.


Menm jan an tou, Kris la pa t chwazi pou l te pran onè pou l vin granprèt. Men se Bondye li menm ki te chwazi l, lè l di: “Ou se Pitit mwen. Mwen se Papa w apati de jodi a.”


Premye bagay Moyiz te fè, se te li tout kòmannman lalwa yo jan yo ye a. Apre sa, li te pran san jèn towo bèf yo, li melanje l avèk dlo. Lè l fin i, li sèvi ak yon moso lèn wouj avèk branch izòp pou l te ka simen kèk gout sou liv lalwa a ak sou tout pèp la.


Kèk moun ki te viv nan tan lontan te fè kè Bondye kontan paske yo te gen kalite lafwa sa.


Fè atansyon epi pa fè tèt di lè Bondye pale. Moun yo ki te refize koute Bondye yo pa t chape anba pinisyon an. Pou nou menm, se depi nan syèl la Bondye ap pale avèk nou. Si nou vire do ba li, bagay la ap pi mal pou nou toujou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite