Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 12:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Men yo kenbe sèvitè a, yo bat li byen bat epi yo voye l tounen san yo pa ba l anyen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Yo mete men sou domestik la, yo bat li byen bat, epi yo voye l tounen bay mèt jaden an san yo pa ba l anyen.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konsa, yo te pran li, yo te bat li, e te voye li ale men vid.

Gade chapit la Kopi




Mak 12:3
29 Referans Kwoze  

Se Jwif sa yo ki touye Jezi Senyè a ak tout lòt pwofèt yo. Se yo menm tou ki fòse nou kite vil la. Yo bay Bondye degoutans, yo kanpe ankwa devan tout moun yo jwenn.


Ki lès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo touye tout pwofèt ki te anonse davans kijan Moun ki Jis la t ap vini. Kounye a, nou menm nou leve talon kont pitit Bondye a menm epi nou touye l.


Yon dam moun peyi Kanaran, ki t ap viv nan zòn lan, te vin kote Jezi. Li t ap rele Jezi avèk yon vwa byen fò: “Senyè, Pitit David la, ede m non! Pitit fi m lan gen yon demon sou li k ap fè l soufri anpil.”


Lè sezon rekòt la rive, mèt jaden an voye yon sèvitè kote kiltivatè yo pou yo ba li pati pa l nan rekòlt la.


Apre sa, mèt jaden an voye yon lòt sèvitè kote yo; yo bat li nan tèt epi se pa de maltrete yo maltrete l.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite