Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




1 Timote 3:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Men, fòk lidè a san defo. Li dwe fidèl ak madanm li. Li dwe kontwole tèt li byen epi reflechi byen sou jan l ap mennen lavi l. Li dwe gen koutwazi lakay li. Li dwe prèt pou l akeyi moun epi ede yo. Li dwe kapab anseye byen.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Pou yon moun chèf nan legliz, se pou l san repwòch. Se pou l gen yon sèl madanm. Se pou l yon nonm serye, ki konn kenbe tèt li anplas, ki gen lòd. Se pou l konn resevwa moun lakay li. Se pou l konn ki jan pou l moutre moun verite a.

Gade chapit la

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi.

Gade chapit la



1 Timote 3:2
20 Referans Kwoze  

Tou de moun sa yo te mennen lavi yo byen dwat devan Bondye, epi yo te obeyi tout kòmandman Bondye yo.


Te gen yon fi ki te pwofèt yo te rele Àn. Li te rete nan tanp lan. Àn te soti nan fanmi Fanyèl, ki li menm te soti nan tribi Azè. Li te gentan vye granmoun. Se yon fi ki te sèlman gen chans viv setan avèk mari li anvan mari li te mouri.


Se pou n pran swen moun Bondye yo ki nan bezwen. Se pou n toujou pare pou n resevwa moun ki rive lakay nou.


Fè sa pou nou ka pwòp, pou nou ka san repwòch, pou nou ka sanble pitit Bondye pèsonn pa ka akize pou di yo fè sa ki mal pandan y ap viv nan mitan yon jenerasyon moun ki kòwonpi epi ki pèvèti. Se pou nou klere nan mitan yo tankou limyè nan fènwa.


Moun ki dyak yo, se moun ki fidèl ak madanm yo epi se pou yo kapab dirije timoun yo byen, ansanm tout fanmi yo.


Se menm jan an tou, dyak yo dwe moun respektab epi moun ki rete kole ak verite a. Yo pa dwe bwè dekwa pou yo sou, epi yo pa dwe ap chache fè lajan nenpòt kijan.


Y ap preskri pou moun pa marye, pou yo pa manje kèk nan manje Bondye fè pou kwayan yo manje avèk remèsiman ansanm avèk moun yo ki konnen verite a.


Fòk tout moun konnen valè bon bagay li te fè: li te elve timoun li, li te konn byen resevwa moun lakay li, li te konn rann lòt kretyen sèvis nan fason yon sèvant konn fè sa, li te konn ede malere yo epi li te konn fè tout kalite bon bagay.


Pa prese pou poze men w sou tèt pèsòn. Pa vin konplis nan peche moun. Ou menm, kenbe tèt ou pwòp.


Pou yon moun antre sou lis vèv yo, yon madanm dwe genyen 60 an. Li dwe yon madanm ki te marye epi ki rete fidèl ak mari l.


Yon sèvitè Senyè a pa dwe nan diskisyon ki mennen kont ak moun. Ou dwe byen ak tout moun. Ou dwe anseye byen. Epi ou Dwe gen pasyans.


Mande pou granmoun yo gen kontwòl sou pwòp lavi yo. Yo dwe aji yon jan ki fè moun gen respè pou yo. Se pou yo reflechi byen sou jan y ap viv. Lafwa yo, lanmou yo ak pasyans yo dwe montre yo se moun ki nan Bondye.


Toujou sonje pou n byen resevwa moun ki vin lakay nou. Nan byen resevwa moun gen kèk moun ki konn resevwa zanj lakay yo san yo pa menm konnen.


Nou gen privilèj pou nou patisipe nan tout sa ki pou Kris la, si nou kontinye jiska lafen nan lafwa nou te genyen depi nan kòmansman an.


Tout bagay prèt pou fini nan lemonn. Kidonk, fòk nou gen tèt nou an plas epi veye pou n pa fè okenn neglijans nan lapriyè.


Ouvri kay nou youn bay lòt san plenyen.


Kontwole tèt nou epi veye. Dyab la, lènmi nou an, ap veye tankou yon lyon ki move k ap chache moun pou l manje.