Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 3:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Li pa dwe bwè twòp alkòl dekwa pou l sou, li pa dwe yon moun ki vyolan. Men li dwe kapab antann li ak moun, li dwe ap chache simen lapè kote l pase, li pa dwe twò renmen lajan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Li pa dwe fèb pou alkòl, ni renmen vyolans. Okontrè, se pou li renmen kalme, renmen mete lapè. Li pa fèt pou li wè nan lajan.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e lib de lanmou lajan.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 3:3
45 Referans Kwoze  

Epi li di yo: “Men sa ki ekri nan Bib la: Y a rele kay ki apa pou mwen an yon mezon lapriyè. Men nou menm nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”


Lè m te nan mitan nou, m pa t janm konn anvye ni lajan, ni lò, ni bèl rad pèsonn.


Se pa Kris, Senyè nou an moun sa yo ap sèvi. Yo sèlman ap fè vant yo plezi. Y ap sèvi ak bèl pawòl, y ap flate w, moun ki sispèk yo, yo twonpe yo.


Piga nou soule tèt nou ak diven, bagay kon sa ap mennen nou nan debòch. Okontrè, kite Sentespri Bondye a ranpli lavi nou pito.


Frè ak sè m yo, n ap mande ou pou rale zòrèy moun k ap fè parese yo. Ankouraje sa yo k ap viv ak lapèrèz nan kè yo. Ede sa yo ki fèb. Pran pasyans ak moun ki bò kote w.


Se menm jan an tou, dyak yo dwe moun respektab epi moun ki rete kole ak verite a. Yo pa dwe bwè dekwa pou yo sou, epi yo pa dwe ap chache fè lajan nenpòt kijan.


Lèzòm ap vin egoyis, zanmi lajan. Yo pral vante tèt yo, y ap ògeye epi yo pral ensilte Bondye. Yo p ap obeyi paran yo ankò, yo p ap kapab remèsye moun ankò. Y ap vin drese yo kont tou bagay ki fè Bondye plezi yo.


Fòk nou fèmen bouch moun konsa. Y ap detwi yon bann fanmi ak move ansèyman y ap bay. Tout sa y ap chache fè se twonpe moun ak move ansèyman pou fè yo ba yo lajan.


Chak lidè nan legliz la dwe san fay, paske se jeran Bondye li ye; fòk li pa awogan, fòk li pa fè kòlè fasil, fòk li pa renmen bwè alkòl, ni vyolan, ni ap fè lajan yon fason ki fè wont.


Anseye madanm ki granmoun yo tou, yo dwe viv jan moun k ap sèvi Bondye dwe viv. Yo pa dwe ap mache di move bagay sou lòt moun. Yo pa dwe esklav alkòl. Yo dwe anseye byen.


Kretyen pa dwe rakonte move bagay sou do moun. Yo dwe viv an pè ak tout moun. Se pou yo janti epi respekte tout moun.


Pa atache ak lajan twòp. Kontante nou ak sa n genyen. Bondye di: “Mwen p ap janm kite w, mwen p ap janm abandone w.”


Èske w konnen ki kote dispit yo soti? Ki kote kont soti epi vini nan mitan nou? Èske yo pa soti nan yon bann move lanvi k ap batay anndan nou?


Aji tankou gadò sou bann mouton Bondye mete sou kont nou yo. Pa veye sou yo poutèt yo fòse nou, men veye sou yo paske se sa Bondye vle. Pa fè sa nan lide pou nou fè kòb, men fè l ak tout kè nou.


Fo doktè sa yo, se lajan ase yo vle fè. Poutèt sa, y ap sèvi avè n epi rakonte nou yon bann istwa ki pa verite a. Pou moun sa yo, jijman yo pare lontan deja, kondanasyon yo p ap dòmi.


Malè pou yo! Paske yo pran menm chemen ak Kayen, menm wout ak Balam, y ap bay manti pou lajan. Y ap peri, paske yo revòlte kont Bondye, menm jan Kore te fè.


Mwen se Jan, frè nou, k ap patisipe nan menm detrès la, menm wayòm ak menm pèseverans nan Jezi ak nou. Yo te ekzile m sou zile yo rele Patmòs la, poutèt m t ap di laverite ki konsènen Jezi epi mwen t ap anonse mesaj Bondye a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite