Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 5:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Fòk tout moun konnen valè bon bagay li te fè: li te elve timoun li, li te konn byen resevwa moun lakay li, li te konn rann lòt kretyen sèvis nan fason yon sèvant konn fè sa, li te konn ede malere yo epi li te konn fè tout kalite bon bagay.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Se pou tout moun konnen tou sa li te fè ki byen: tankou si li elve pitit li yo byen, si l konn resevwa moun byen lakay li, si l konn lave pye moun pèp Bondye a, si l ede malere yo, si l fè tout lòt kalite byen.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 avèk repitasyon bon zèv, si li te elve timoun, si li te konn resevwa etranje byen, si li te lave pye a sen yo, si li te konn ede sila ki nan gwo pwoblèm yo, e si li te devwe tèt li a tout bon zèv.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 5:10
42 Referans Kwoze  

Sèvitè ki te resevwa de sak lajan an fè benefis de lòt sak.


Menm jan an tou, se pou limyè ou briye devan tout moun. Y a gade bon bagay w fè, epi y a fè lwanj pou Bondye, papa ou ki nan syèl la.


Li mete kò l yon jan pa dèyè bò pye Jezi epi li t ap kriye. Li mouye pye Jezi ak dlo je li epi li siye yo ak cheve nan tèt li. Li tonbe bo pye Jezi epi li vide pafen an sou pye yo.


Apre sa Jezi vire gade fi a, epi li di Simon konsa: “Ou wè dam sa a? M te antre lakay ou, ou pa t banm dlo pou m lave pye m; men li menm, li lave pye m ak dlo je li epi li siye yo ak cheve li.


Mesye yo di Pyè konsa: “Se Kònèy, yon ofisye women, ki voye nou. Kònèy se yon bon moun ki gen krentif pou Bondye. Tout pèp Jwif la respekte li. Se yon anj Bondye ki te di l pou l envite w lakay li pou l kapab tande sa ou menm ou gen pou di l.”


Yon nonm yo te rele Ananyas te vin kote m. Ananyas sa a, se te yon moun ki te konsakre l bay Bondye epi li t ap swiv lalwa Moyiz la san fot. Sa te fè tout Jwif ki te rete nan zòn nan te bay bon temwanyaj pou li.


Kidonk, frè nou yo, se pou nou chwazi sèt (7) frè pami nou ki gen bon repitasyon, ki anba pouvwa Sentespri a epi ki gen anpil sajès. Nou menm apot yo, n a mete moun nou chwazi yo responsab sèvis sa a.


Te gen yon dam ki te kwè nan Jezi nan vil Jope ki te rele Tabita. Nan lang Grèk la, yo te rele l Dòkas ki vle di “Gazèl”. Li te toujou fè byen anvè tout moun epi li te konn ede pòv yo.


Pyè pati tousuit avèk mesye yo. Lè l rive, yo mennen l toudwat nan chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote Pyè nan chanm nan, yo t ap kriye. Yo montre Pyè yon bann chemiz ak rad Tabita te konn fè lè l te vivan nan mitan yo.


Se pou n pran swen moun Bondye yo ki nan bezwen. Se pou n toujou pare pou n resevwa moun ki rive lakay nou.


Se Bondye ki fè nou sa nou ye a. Li fè nou vin moun nouvo nan Jezikris. Konsa, nou ka pase lavi nou ap fè bon bagay li te planifye davans pou nou fè.


Sa pral ede nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye epi ki fè l plezi nèt ale. Se pou lavi nou donnen tout kalite bòn zèv epi se pou nou grandi nan konesans Bondye.


Men se pou yo montre jan yo bèl nan bon bagay y ap fè. Se kon sa tout medam ki di yo gen respè pou Bondye yo dwe ye.


Men, fòk lidè a san defo. Li dwe fidèl ak madanm li. Li dwe kontwole tèt li byen epi reflechi byen sou jan l ap mennen lavi l. Li dwe gen koutwazi lakay li. Li dwe prèt pou l akeyi moun epi ede yo. Li dwe kapab anseye byen.


Fòk moun ki pa kretyen yo bay bon temwanyaj pou li. Lè sa a, pèsòn p ap pale l mal epi konsa, li p ap tonbe nan pyèj satan mete pou li.


Lè yon dam ki kretyen genyen vèv nan fanmi li, li dwe pran swen yo, li menm. Konsa, legliz p ap bezwen pran responsabilte a. Legliz va kapab pran swen vèv ki pa gen pèsòn pou ede yo.


Bon bagay yon moun fè, tout moun wè yo trapde. Menm sa moun pa wè touswit yo, yo pa ka toujou rete kache.


Di moun yo, se pou yo fè sa ki byen, se pou yo rich nan fè sa ki byen. Se pou yo pataje sa yo genyen bay lòt moun ak tout kè yo.


Mwen sonje kijan ou gen yon lafwa ki sensè. Se kon sa Loyis, grann ou te ye epi apre sa, manman w Enis te kon sa tou anvan w. M wè se menm lafwa sa a ki nan ou tou, mwen sèten se vre.


Senyè a vle itilize w pou moman espesyal yo. Poutèt sa, netwaye lavi w, retire tout sa k pa bon. Lè sa a, ou va san peche, epi Mèt la va kapab itilize w. Ou va prèt pou fèt tout sa ki byen.


Depi w piti, ou konnen Bib la. Sa ki nan Bib la kapab rann ou saj. Epi sajès sa a mennen nan lavi etènèl pa mwayen lafwa nan Jezikris.


Lè moun ap sèvi ak Bib la, y ap prepare epi y ap genyen tout sa yo bezwen pou yo fè zèv ki bon.


Jezikris te bay lavi l pou nou, pou l kapab delivre nou soti anba tout sa ki mal, pou l fè nou pwòp. Li vle fè nou yon pèp ki rele l chè mèt chè mètrès epi ki zele pou fè sa ki byen.


Ou menm, ou dwe yon egzanp pou yo nan tout bagay, nan bon jan aksyon ou ap fè. Se pou ansèyman w pwòp epi se pou sa fè moun respekte w.


Fè kretyen yo sonje yo dwe soumèt anba tout chèf ak tout otorite. Se pou yo obeyisan epi toujou pare pou fè tout sa ki byen.


Moun pa nou yo dwe aprann gen anpil zèl nan fè sa ki byen pou ede moun ki gen bezwen ki paka tann. Konsa, y ap mennen yon lavi ki gen yon bon enfliyans nan kominote a.


Pawòl sa yo se verite a. Mwen vle w kategorik sou yo, poutèt pou moun ki chita lafwa yo nan Bondye fè tout efò yo pou yo fè anpil pwogrè nan fè sa ki byen. Se kalite lavi kon sa ki bon epi itil pou tout moun.


An nou chache tout jan nou ka ankouraje youn lòt pou n pratike renmen epi fè bon zèv.


Toujou sonje pou n byen resevwa moun ki vin lakay nou. Nan byen resevwa moun gen kèk moun ki konn resevwa zanj lakay yo san yo pa menm konnen.


Mennen tèt nou byen nan mitan moun ki pa konn Bondye yo. Konsa, menm lè yo ta bay manti di n ap fè sa ki mal, y ap oblije rekonèt bon lavi n ap mennen, y a glorifye Bondye lè li va vini.


Ouvri kay nou youn bay lòt san plenyen.


Tout moun yo nan legliz la ap bay bon temwayaj pou Demetriyis. Temwayaj sa a dakò ak verite a. Epi nou menm tou n ap bay temwayaj pou li. Ou konnen sa n ap di yo se verite a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite