Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 5:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Men, pa mete yon madanm ki pi jèn sou lis vèv yo. Paske lè bezwen fizik yo debranche yo nan angajman ak Kris, yo pral vin vle remarye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Men, pa mete okenn vèv ki poko gen laj sa a sou lis. Paske, lè anvi a pran yo pou yo marye, yo vire do bay Kris la.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Men refize mete jèn vèv nan lis la, paske lè yo vin gen dezi sansyèl kont Kris la, y ap vle marye.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 5:11
13 Referans Kwoze  

Y ap preskri pou moun pa marye, pou yo pa manje kèk nan manje Bondye fè pou kwayan yo manje avèk remèsiman ansanm avèk moun yo ki konnen verite a.


Konsa, yo vin koupab nan renonse yo renonse ak premye pwomès yo te fè a.


Poutèt sa, mwen vle pou jèn vèv yo marye, fè pitit, epi pou yo pran swen kay yo. Si yo fè sa konsa, lènmi nou yo p ap jwenn anyen mal pou yo di sou nou.


Pou yon moun antre sou lis vèv yo, yon madanm dwe genyen 60 an. Li dwe yon madanm ki te marye epi ki rete fidèl ak mari l.


Nou t ap viv sou tè a nan richès ak plezi. Nou angrese tèt nou, menm jan ak zannimo y ap fè gra pou yo touye.


Y ap fè gwo diskou plen ak yon bann gwo mo ki pa menm gen sans. Se kon sa y al jwenn moun ki te fenk fin vire do bay lavi peche yo t ap mennen epi yo fè yo retounen nan peche ankò. Pou yo rive fè sa, yo sèvi ak move bagay moun renmen fè nan feblès lachè yo, bagay ki fè moun wont.


Tout pèp sou latè bwè nan diven an, diven peche seksyèl la, ansanm ak kolè Bondye a. Wa ki sou latè yo fè peche seksyèl avèk li, machann yo ki nan mond lan tou, yo vin rich avèk anpil richès yo jwenn nan gwo lavil la.”


Li te renmen laglwa ak richès anpil. Ba l menm kantite a nan soufrans ak nan dèy. Li t ap di nan kè li: M chita sou fotèy rèn mwen. Mwen pa yon vèv; m p ap janm an dèy.


Wa sou latè yo ki t ap fè peche seksyèl avè l yo epi ki t ap pwofite richès li yo, yo va wè lafimen vil la k ap boule. Yo gen pou yo kriye epi y ap pran dèy poutèt lavil la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite