Sòm 8:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo, lalin ak zetwal ke Ou te fè yo, 1998 Haïtienne (4) Lè m'ap gade syèl la byen ou fè ak pwòp men ou Lalin ak zetwal ou mete ladan li, |
“Èske Bondye pa nan wotè syèl la? Menm anplis, gade zetwal byen lwen yo; kijan yo wo!
Syèl yo se pou Ou. Tè a se pa Ou tou. Lemond ak tout sa ki ladann, se Ou menm ki te etabli yo.
“Lè Li te fin pale avèk li sou Mòn Sinai a, Li te bay Moïse de tablèt temwayaj la. Tablèt yo te fèt an wòch, e yo te ekri pa dwèt SENYÈ a.”
Alò, majisyen yo te di a Farawon: “Sa se dwat Bondye.” Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.
Men, si Mwen chase dyab yo ak dwèt Bondye a, alò, wayòm syèl la gen tan vini sou nou.
Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz.
Veye ke nou pa leve zye nou vè syèl la pou wè solèy la, lalin avèk zetwal yo, avèk tout lame syèl la, e mennen pou adore ak sèvi yo, sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi pou tout lòt pèp anba tout syèl la.