Alò, Absalom avèk tout mesye Israël yo te di: “Konsèy Huschaï pi bon ke konsèy Achitophel la.” Paske SENYÈ a te deja detèmine pou anile bon konsèy Achitophel la, pou SENYÈ a ta kapab fè gwo dezas rive Absalom.
Sòm 7:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Leve, O SENYÈ, nan kòlè Ou; leve Ou menm kont raj ladvèsè mwen yo. Leve Ou menm pou mwen; Ou menm ki te etabli jijman an. 1998 Haïtienne (7) Senyè, leve non! Mete ou ankòlè! Leve, pran pozisyon kont lènmi m yo ki fin debòde. Leve non! Vin pote m sekou, paske se jistis ou m'ap chache. |
Alò, Absalom avèk tout mesye Israël yo te di: “Konsèy Huschaï pi bon ke konsèy Achitophel la.” Paske SENYÈ a te deja detèmine pou anile bon konsèy Achitophel la, pou SENYÈ a ta kapab fè gwo dezas rive Absalom.
“Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo, koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a; “Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”
Malgre mwen mache nan mitan gwo twoub, Ou va fè m reprann mwen. Ou va lonje fè parèt men Ou kont kòlè ènmi m yo. Men dwat Ou va sove mwen.
Paske lènmi an te pèsekite nanm mwen. Li fin kraze lavi m jis rive atè. Li te fè m rete kote fènwa, tankou sila ki mouri lontan yo.
Leve, O SENYÈ! Sove mwen, O Bondye mwen! Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo. Ou te kraze dan a mechan yo.
Fè fòs SENYÈ, kont sila k ap sèvi ak fòs kont mwen yo. Goumen ak sila k ap goumen kont mwen yo.
Ou menm, O SENYÈ Bondye dèzame yo, Bondye Israël la, leve e pini tout nasyon yo. Pa bay gras a moun mechan yo ki fè trèt nan inikite. Tan
Tankou yon rèv lè moun leve, O SENYÈ, lè Ou leve, Ou va meprize pwòp fòm yo. Ou va rayi rèv de lespri yo.
Vire pa Ou yo pou rive kote mazi ki kraze nèt yo, kote lènmi a fin fè tout mechanste li anndan sanktiyè a.
Konsa, SENYÈ a te leve tankou se nan dòmi Li te ye, tankou yon gèrye ki rele fò akoz diven.
“Koulye a, Mwen va leve”, SENYÈ a di: “Koulye a Mwen va egzalte. Koulye a Mwen va leve wo.
Koulye a, O SENYÈ, Bondye nou an, delivre nou soti nan men l pou tout wayòm latè yo ka konnen ke Ou menm sèl SENYÈ a, se Bondye.”
“Leve, leve, mete fòs sou Ou, O bra SENYÈ a; leve tankou nan jou lansyen yo. Èske se pa t Ou menm ki te koupe Rahab an ti mòso a, ki te frennen dragon an nèt la?