Konsa, a lòm Li te di: ‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès; epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”
Sòm 4:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Tranble, men pa fè peche. Reflechi nan kè ou sou kabann ou, e rete kalm. Tan 1998 Haïtienne (5) Se pou nou tranble tèlman nou pè, se pou n sispann fè sa ki mal. Lè nou pou kont nou nan chanm nou, kalkile sou sa. Epi pe bouch nou. |
Konsa, a lòm Li te di: ‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès; epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”
Mwen te rele Ou, paske Ou va reponn mwen, O Bondye. Enkline zòrèy W bò kote m. Tande pawòl mwen yo.
Kite tout latè krent SENYÈ a. Kite tout sila ki rete nan mond lan kanpe etone nèt pa Li menm.
“Kanpe la e konnen ke se Mwen menm ki Bondye. Mwen va leve wo pami nasyon yo. Mwen va leve wo sou tè a.”
Chanson mwen, mwen va sonje pandan lannwit. Mwen reflechi tout tan nan kè mwen. Lespri m reflechi jis rive nan fon kè m:
Gran chemen a moun dwat la se pou kite mal; sila ki veye chemen li an prezève lavi li.
Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’
Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la?