Sòm 20:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Ke Li kapab voye bay ou èd soti nan sanktiyè a, epi bay ou soutyen soti nan Sion. 1998 Haïtienne (3) Se pou l rete lakay li pou l voye ede ou. Se pou l rete sou mòn Siyon an pou l soutni ou. |
Konsa, yo te mennen lach SENYÈ a e te mete li nan plas li anndan tant ke David te fè monte pou li a. Epi David te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan SENYÈ a.
Li te bati ven koude nan kote dèyè kay la avèk planch sèd soti atè a jis rive nan plafon an. Li te bati yo pou li sou anndan kòm yon sanktyè enteryè, menm kote ki pi sen an.
Paske etranje yo fin leve kont mwen. Moun vyolans yo te chache lavi mwen. Yo pa t mete Bondye devan yo.
Fè kri anlè e rele ak jwa, O nou menm ki rete Sion, paske gran nan mitan nou se Sila Ki Sen an Israël la!”
Alò, kòman yon moun ka reponn mesaje a nasyon yo? Ke se SENYÈ a ki te etabli Sion, e aflije a pèp Li yo va chache sekou nan li.