Anplis, li te fè rebèl kont Wa Nebucadnetsar ki te fè li sèmante fidelite pou Bondye. Men li te fè tèt di, e avèk kè di, li te refize vire vè SENYÈ a, Bondye Israël la.
Sòm 15:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen nan zye a sila yon vagabon meprize a, men ki bay lonè a sila ki fè lakrent SENYÈ yo; li sèmante a pwòp pèt li, menm lè l fè l mal, e li pa chanje menm; 1998 Haïtienne Li meprize tout moun Bondye vire do bay, men, li respekte tout moun ki gen krentif pou Senyè a. Li toujou kenbe pawòl li, menm si sa koute l chè. |
Anplis, li te fè rebèl kont Wa Nebucadnetsar ki te fè li sèmante fidelite pou Bondye. Men li te fè tèt di, e avèk kè di, li te refize vire vè SENYÈ a, Bondye Israël la.
Tout sèvitè a wa yo ki te nan pòtay a wa a te bese ba e te bay onè a Haman; paske, se sa wa a te kòmande pa li menm. Men Mardochée pa t bese, ni pa t bay onè.
Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m. Sila ki mache nan chemen san fot la, se li menm ki va sèvitè mwen.
Selon sen sou latè yo, se moun manyifik yo ye; sou yo menm mwen pran tout plezi m yo.
“Ankò, nou konn tande yo te di a lansyen yo: ‘Nou pa pou fè fo sèman, men nou gen pou akonpli tout sa ke nou sèmante a Bondye’.
Men pandan li t ap diskite sou ladwati, tanperans, ak jijman ki gen pou vini an, Félix te vin pè. Li te di: “Pou moman sa a, ale. Lè m jwenn tan, m a konvoke ou.”
Anplis, yo te onore nou avèk anpil mak respè, e lè nou t ap pran vwal, yo te founi nou tout sa nou te bezwen.
Nou konnen ke nou kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.
Lè li te wè li, li te chire rad li e te di: “Anmwey, pitit mwen, ou mete m ba nèt e ou pami sila yo ki twouble m yo. Paske, mwen te bay pawòl mwen a SENYÈ a, e mwen p ap kab reprann li.”