Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Sòm 146:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni, sila ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Ala bon sa bon pou moun ki gen Bondye Jakòb la pou tout sekou l, pou moun ki mete tout espwa l nan Senyè a, Bondye li!

Gade chapit la



Sòm 146:5
17 Referans Kwoze  

‘Konsa ou va di a Joseph: Souple, mwen mande ou padon pou transgresyon a frè ou yo avèk peche pa yo, paske yo te fè ou tò.’ Koulye a, souple, padone transgresyon sèvitè Bondye a papa ou yo.” Epi Joseph te kriye lè yo te pale avèk li.


A la beni pèp ki ranje konsa beni! A la beni pèp ki gen Bondye pou SENYÈ yo beni.


Yo te pliye e yo te tonbe, men nou te leve e nou te kanpe dwat.


Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,


Konsa, SENYÈ, kisa m ap tann nan? Espwa m se nan Ou.


SENYÈ dèzame yo avèk nou. Bondye Jacob la se sitadèl nou. Tan


SENYÈ dèzame yo avèk nou. Bondye Jacob la se sitadèl nou.


Vini, gade byen zèv a SENYÈ yo ki gwo dega Li fè nan tout latè.


Paske Ou se espwa m, O SENYÈ Bondye, Ou se konfyans mwen soti nan jenès mwen.


O SENYÈ dèzame yo! A la moun ki mete konfyans li nan Ou a beni!


O SENYÈ dèzame yo, tande lapriyè mwen. Prete zorèy Ou, O Bondye Jacob la! Tan


Li te di anplis: “Mwen se Bondye a zansèt ou yo, Bondye Abraham nan, Bondye a Isaac, e Bondye a Jacob la.” Moïse te kache figi li, paske li te pè gade Bondye.


Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon; beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.


Beni ou ye, O Israël! Kilès ki sanble avèk ou, yon pèp delivre pa SENYÈ a, ki se pwotèj k ap ba ou sekou a ki se nepe a majeste ou? Konsa, lènmi ou yo va vin kraponnen devan ou, e ou va foule wo plas yo.”


ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.