Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen L yo. Epi a la ti kras souf pawòl nou konn tande de Li! Men tonnè pwisans Li an! Se kilès ki kab konprann li?
Sòm 139:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konesans konsa twò mèvèye pou mwen. Li twò wo. Mwen pa kab rive kote l. 1998 Haïtienne Konesans ou genyen yo twòp pou mwen. Yo depase m, mwen pa konprann yo. |
Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen L yo. Epi a la ti kras souf pawòl nou konn tande de Li! Men tonnè pwisans Li an! Se kilès ki kab konprann li?
Ou te mande: ‘Kilès sila ki kache konsèy san konesans lan?’” “Konsa, mwen te deklare sa ke m pa t konprann nan; bagay twò etonnan pou mwen, ke m pa t konnen yo.
Jiskilè SENYÈ? Èske Ou ap bliye mwen jis pou tout tan? Pou konbyen de tan, Ou va kache figi Ou de mwen?
Anpil, O SENYÈ Bondye mwen an, se mèvèy ke Ou te fè yo, ak panse Ou yo anvè nou. Nanpwen ki kab konpare avèk Ou. Si m ta deklare yo e pale sou yo tout, yo ta vin twòp pou m ta kab konte.
O, pwofondè richès a sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann!