Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 13:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Jiskilè SENYÈ? Èske Ou ap bliye mwen jis pou tout tan? Pou konbyen de tan, Ou va kache figi Ou de mwen?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 (2) Konbe tan ankò w'a bliye m, Senyè? Gen lè ou bliye m nèt? Konbe tan ankò m'a rete san m pa wè ou?

Gade chapit la Kopi




Sòm 13:1
15 Referans Kwoze  

Poukisa Ou kache figi Ou e konsidere m kon lènmi Ou?


Leve O SENYÈ! O Bondye, leve men Ou wo! Pa bliye aflije yo!


SENYÈ, jiskilè Ou va kontinye gade bagay sa a konsa? Sove nanm mwen kont ravaj yo, Sèl lavi mwen genyen kont lyon yo.


Poukisa Ou kache figi Ou e bliye ke n ap soufri e oprime?


epi nanm mwen fè gwo chagren. Men Ou, O SENYÈ,—jiskilè?


O Bondye, poukisa Ou te rejte nou pou tout tan? Poukisa kòlè Ou fè lafimen kont mouton patiraj Ou an?


O Bondye dèzame yo, pou konbyen de tan Ou va fache kont lapriyè a pèp Ou a?


Èske Ou va fache avèk nou jis pou tout tan? Èske Ou va pwolonje kòlè Ou jis a tout jenerasyon yo?


Jiskilè, O SENYÈ? Èske Ou va kache figi Ou jis pou tout tan? Èske kòlè Ou va brile tankou dife pou tout tan?


O fè nou satisfè nan maten avèk lanmou dous Ou a, pou nou kab chante ak jwa e fè kè kontan pandan tout jou nou yo.


Men se inikite nou yo ki fè nou separe ak Bondye nou an, e se peche nou yo ki te kache figi Li de nou menm, pou Li pa tande.


Poukisa Ou bliye nou jis pou tout tan? Poukisa Ou abandone nou jis rive tout tan sa a?


Alò, kòlè Mwen va vin limen kont yo nan jou sa a, Mwen va abandone yo e kache figi Mwen a yo menm. Yo va detwi e anpil malè va rive sou yo, jiskaske yo va di nan jou sa a: ‘Èske se pa paske Bondye nou an pa pami nou ke malè sa yo vin rive sou nou?’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite