Alò, de zanj te vini Sodome nan aswè lè Lot te chita nan pòtay Sodome nan. Lè Lot te wè yo, li te leve pou rankontre yo. Li te bese ba avèk figi li atè.
Rit 4:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò Boaz te monte nan pòtay la e te chita la. Konsa, fanmi pwòch a sila Boaz te pale a t ap pase. Epi li te di: “Vire akote, zanmi m; vin chita la!” Epi li te vire akote e te chita. 1998 Haïtienne Bòz ale nan pòtay lavil la, kote moun yo konn reyini an, epi li chita. Lè sa a, yon moun vin ap pase. Se te nèg ki te fanmi Elimelèk pi pre pase l la, nonm Bòz t'ap pale Rit la. Bòz rele l, li di l: — Entèl, vini m pale ou, monchè! Chita non! Nonm lan al jwenn li, li chita. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Bowaz ale nan antre vil la, kote lidè vil la yo te konn reyini epi li chita. Lè manm fanmi ki pi pwòch Elimelèk la, sa Bowaz t ap pale Rit la, te vin parèt, Bowaz di l: “Avanse non zanmi m, vin chita.” Konsa, mesye a avanse epi li chita. |
Alò, de zanj te vini Sodome nan aswè lè Lot te chita nan pòtay Sodome nan. Lè Lot te wè yo, li te leve pou rankontre yo. Li te bese ba avèk figi li atè.
Alò, Ephron te chita pami fis a Heth yo. Ephron, Ethyen an, te reponn Abraham nan prezans fis a Heth yo, menm tout moun yo ki t ap antre nan pòtay vil la. Li te di:
Konsa, Hamor, avèk fis li a, Sichem te vini nan pòtay vil yo, li te pale avèk mesye nan vil yo, e li te di:
Absalom te konn leve granmmaten e kanpe akote chemen an devan pòtay la. Konsa, lè yon moun ta gen yon pwosè, e te vin kote wa a pou jijman, Absalom te rele li e di: “Nan ki vil ou sòti?” Epi li ta di: “Sèvitè ou a sòti nan youn nan tribi Israël yo.”
Alò, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a te chita yo chak sou twòn yo, abiye ak manto yo. Yo te chita kote glasi vannen an nan antre pòtay Samarie a, epi tout pwofèt yo t ap pwofetize devan yo.
“Gade! Tout sa ki swaf yo, vin nan dlo! Nou menm ki pa gen kòb yo, vin achte pou manje. Vin achte diven ak lèt san lajan, e san frè.
Mwen te siyen e mete so sou papye tè a, te rele temwen, e te peze ajan sou balans pou bay.
Rayi mal e renmen sa ki bon, e etabli jistis nan pòtay la! Petèt SENYÈ Bondye dèzame yo ka fè gras a retay Joseph la.”
“‘Vini! Vini! Sove ale kite peyi nò a,’ deklare SENYÈ a: ‘paske Mwen te gaye nou tankou kat van syèl yo,’ deklare SENYÈ a.
“Nou va chwazi pou nou menm jij avèk ofisye nan tout vil ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou yo, selon tribi yo, e yo va jije pèp la avèk jijman ki dwat.
alò, nou va mennen nonm sa a oswa fanm sa a ki te fè zak mechan sa a nan pòtay nou yo, e nou va lapide li ak kout wòch jiskaske li mouri.
alò, papa li avèk manman li va sezi li, e mennen li deyò vè ansyen vil yo nan pòtay vil pa li a.
“Men si nonm nan pa vle pran madanm frè li a, alò, madanm frè li a va monte vè pòtay kote ansyen yo e di: ‘Frè mari mwen an refize etabli yon non pou frè li an Israël. Li pa dakò pou fè devwa a frè mari mwen.’
Li va sove ale rive nan youn nan vil sila yo. Yo va kanpe nan antre pòtay a vil sa a pou pwononse ka li a pou ansyen yo nan vil la tande. Konsa, yo va fè l antre nan vil kote yo a, yo va ba li yon kote pou li kapab rete pami yo.
Epi li te di: “Tann, fi mwen, jiskaske ou konnen kijan afè sa vin fini, paske nonm nan p ap pran repo jiskaske li fin regle li jodi a menm.”