Pwovèb 9:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Kite foli ou pou ou ka viv; epi avanse nan chemen bon konprann nan.” 1998 Haïtienne Kite sòt! Vin aprann lavi! Vin mache nan chemen konesans. |
Koute byen, O fi, prete atansyon e panche zòrèy ou. Bliye pèp ou a avèk lakay papa ou.
Sila ki swiv enstriksyon an, sou wout lavi; men sila ki pa tande repwòch la vin egare nèt.
pou yo ka mache nan règleman Mwen yo e kenbe lalwa Mwen yo pou fè yo. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo.
“‘“Sèvitè Mwen an, David va wa sou yo e yo tout va gen yon sèl bèje. Yo va mache nan règleman Mwen yo, e yo va kenbe lalwa M yo, e yo va swiv yo.
“Fè efò pou antre pa pòt etwat la; paske anpil, Mwen di nou, va eseye antre, e yo p ap kapab.
Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”
Konsa, “‘Soti nan mitan yo, e separe de yo’, di Senyè a. ‘Pa touche sa ki enpi. Mwen va akeyi nou.
Mwen te tande yon lòt vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sòti kite li, pèp mwen an, pou nou pa patisipe nan peche li yo e resevwa fleyo li yo.