Pwovèb 7:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Kenbe kòmandman mwen yo pou viv, ak enstriksyon mwen yo kon de grenn zye nan tèt ou. 1998 Haïtienne Si ou fè sa m'ap di ou pou fè a, w'a viv. Konsidere sa m moutre ou la tankou de grenn je nan tèt ou. |
Alò, li te enstwi mwen e te di mwen: “Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen; kenbe lòd mwen yo pou ou viv.
Prete zòrèy nou e vin kote Mwen. Koute pou nou ka viv. Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan, selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.
Men Jérémie te di: “Yo p ap livre ou nan men yo. Souple, obeyi SENYÈ a nan sa ke m ap di ou a, pou l ka ale byen pou ou, e pou ou kapab viv.
Konsa nou va kenbe règleman Mwen yo, ak jijman Mwen yo, pa sila yon nonm kapab viv si li fè yo. Mwen se SENYÈ a.
Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Dèyè glwa pa Li a, Li te voye mwen kont nasyon k ap piyaje nou yo, paske sila ki touche ou a, te touche ponm de zye tèt Li.
“Moun ki gen kòmandman Mwen yo, e kenbe yo, se li ki renmen M. E li menm ki renmen M, ap renmen pa Papa Mwen, e Mwen va renmen l epi va devwale M a li.”
Li te twouve li nan yon peyi dezè, nan savann dezole kote van soufle a. Li te antoure li, Li te pran swen li, Li te pwoteje li tankou de zye nan tèt Li.
Beni se sila ki lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa pòtay yo, antre nan vil la.