21 Pa kite yo vin disparèt devan zye ou; kenbe yo nan fon kè ou.
21 Pa janm kite yo sòti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo.
Mwen pran plezi nan fè volonte pa Ou, O SENYÈ. Lalwa Ou nan kè m.”
Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo, e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,
Paske sa va byen agreyab pou ou si ou kenbe yo anndan ou, pou yo toujou prè sou lèv ou.
Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an, men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;
Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou; kenbe bon sajès ak bon konprann.
Pa kite dousè ak verite kite ou. Mare yo antoure kou ou. Ekri yo sou tablo kè ou.
Mare yo tout tan sou kè ou; mare yo nan kou ou.
Mare yo sou dwèt ou; ekri yo sou tablo a kè ou.
“Sèlman, veye tèt ou e kenbe nanm ou avèk dilijans, pou ou pa bliye bagay ke zye ou te wè yo; pou yo pa kite kè nou pandan tout jou lavi ou; men fè fis ou yo ak fis a fis ou yo konnen yo.