Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 18:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Konsa nou va kenbe règleman Mwen yo, ak jijman Mwen yo, pa sila yon nonm kapab viv si li fè yo. Mwen se SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Se pou nou swiv regleman ak lòd mwen ban nou yo. Gremesi sa m di nou fè a, tout moun ki koute m va jwenn lavi. Se mwen menm ki Senyè a!

Gade chapit la Kopi




Levitik 18:5
19 Referans Kwoze  

epi te fè tèmwen kont yo pou fè yo retounen kote lalwa Ou. Sepandan, yo te aji avèk awogans e pa t Koute kòmandman Ou yo, men te peche kont òdonans Ou yo, selon sila yo, si yon nonm ta swiv yo, li ta viv. Men yo te vire yon do byen di, yo te fè tèt di, epi te refize koute.


Bondye te pale plis avèk Moïse e te di li: “Mwen se SENYÈ a.


ke SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: “Mwen se SENYÈ a. Pale ak Farawon, wa Égypte la, tout sa ke M pale ak ou yo.”


“Pou sa, di a fis Israël yo: ‘Mwen menm se SENYÈ a. Mwen va mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo, e Mwen va delivre nou anba esklavaj pa yo a. Mwen va anplis delivre nou avèk yon bra byen lonje, e avèk gwo jijman.


Prete zòrèy nou e vin kote Mwen. Koute pou nou ka viv. Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan, selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.


si li mache nan règleman Mwen yo, ak lòd Mwen yo pou l aji ak fidelite; li se yon moun dwat, e anverite, li va viv,” deklare Senyè BONDYE a.


Mwen te bay yo lalwa Mwen yo, e te fè yo rekonèt règleman Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv nan yo.


“‘“Men lakay Israël te fè rebèl kont Mwen, nan dezè a. Yo pa t mache nan lalwa Mwen yo, e yo te refize règleman Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv nan yo. Epi Saba Mwen yo, yo te vin pwofane nèt. Konsa, Mwen te pran desizyon pou vide chalè kòlè Mwen sou yo nan dezè a, pou manje yo nèt.


“‘“Men pitit yo te fè rebèl kont Mwen. Yo pa t mache nan règleman Mwen yo, ni yo pa t fè atansyon pou swiv òdonans Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv la. Yo te pwofane Saba Mwen yo. Konsa, mwen te pran desizyon pou vide chalè kòlè Mwen sou yo, pou akonpli kòlè Mwen kont yo nan dezè a.


“‘Pinga okenn nan nou pwoche okenn fanmi de san nou pou dekouvri nidite li: Mwen se SENYÈ a.


“Paske Mwen menm SENYÈ a, Mwen pa chanje. Se pou sa, nou menm, O fis a Jacob yo, nou pa t fin detwi nèt.


Li te di l: “Poukisa ou ap kesyone M sou sa ki bon? Gen yon sèl ki bon, Bondye. Men si ou vle antre nan lavi, kenbe kòmandman yo.”


Li te di li: “Ou reponn byen kòrèk. Fè sa, e ou va viv.”


Moïse te ekri ke moun ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a.


Konsa, kòmandman sa a ki te fèt pou bay lavi a, te bay lanmò kòm rezilta pou mwen.


Sepandan, Lalwa a pa selon lafwa; okontrè: “Sila ki pratike yo a va viv pa yo menm.”


nan renmen SENYÈ a, Bondye nou an ak nan obeyisans a vwa Li ak nan kenbe fèm a Li. Paske sa se lavi nou ak pwolongasyon a jou nou yo, pou nou kapab viv nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo; a Abraham, Isaac e a Jacob, pou bay yo a.”


Anplis, SENYÈ a, Bondye nou an, va sikonsi kè nou ak kè desandan nou yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, pou nou kapab viv.


“Koulye a, O Israël, koute règleman avèk jijman ke mwen ap enstwi nou pou nou fè, pou nou kapab viv. Antre ladann e pran posesyon a peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, ap bannou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite