Pwovèb 4:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pa kite yo vin disparèt devan zye ou; kenbe yo nan fon kè ou. 1998 Haïtienne Pa janm kite yo sòti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo. |
Paske sa va byen agreyab pou ou si ou kenbe yo anndan ou, pou yo toujou prè sou lèv ou.
“Sèlman, veye tèt ou e kenbe nanm ou avèk dilijans, pou ou pa bliye bagay ke zye ou te wè yo; pou yo pa kite kè nou pandan tout jou lavi ou; men fè fis ou yo ak fis a fis ou yo konnen yo.