Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Pwovèb 4:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Fis mwen an, prete atansyon a pawòl mwen yo; panche zòrèy ou vè diskou mwen yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap sòti nan bouch mwen.

Gade chapit la



Pwovèb 4:20
10 Referans Kwoze  

Se ki moun ki dezire lavi, e renmen jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?


Koute, O pèp mwen an a lenstriksyon mwen. Panche zòrèy Ou vè pawòl a bouch mwen.


Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo, pou nou kab ofri Ou yon kè ki plen sajès.


e fè zòrèy ou atantif a sajès; e enkline zòrèy ou vè bon konprann,


Paske sa va byen agreyab pou ou si ou kenbe yo anndan ou, pou yo toujou prè sou lèv ou.


Fis mwen an, fè atansyon a sajès mwen, apiye zòrèy ou vè bon konprann mwen;


Fis mwen an, kenbe pawòl mwen yo e kache kòmandman mwen yo anndan ou.


Prete zòrèy nou e vin kote Mwen. Koute pou nou ka viv. Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan, selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.


Pandan Li t ap pale, vwala, yon nwaj byen briyan te kouvri yo. E konsa, yon vwa sòti nan nwaj la e te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an. Avèk Li, Mwen byen kontan. Koute Li!”