Li te posede anpil bann mouton, twoupo avèk anpil chan bèt, jiskaske Filisten yo te vin anvi li.
Pwovèb 27:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Fachez rèd fè move. Kòlè se yon inondasyon. Men se kilès ki ka kanpe devan jalouzi. 1998 Haïtienne Lè yon moun ankòlè, li kraze brize. Men, ki moun ki ka kenbe tèt ak yon moun k'ap fè jalouzi? |
Li te posede anpil bann mouton, twoupo avèk anpil chan bèt, jiskaske Filisten yo te vin anvi li.
Onan te konnen ke posterite sa yo pa t ap pou li. Konsa, li te jete jèm li an atè pou li pa fè pitit pou frè li.
Yon gwo wòch lou ak sab gen pwa; men moun ensanse k ap anmède a pi lou pase yo tou de.
Mete mwen tankou yon so sou kè ou, tankou yon so sou bra ou. Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò. Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo; lè l pete se tankou dife k ap pete. Vrèman se flanm SENYÈ a.
Men Jwif yo te vin jalou, e te mennen kèk mesye mechan sòti nan mache a. Yo te fòme yon ekip ajitatè, e te mete tout vil la nan yon tapaj. Lè yo te rive lakay Jason, yo t ap chache mennen yo deyò bay pèp la.
Men wo prèt la te vin leve, ak tout sila ki te avèk li yo (sa vle di Sadiseyen yo), e yo te jalou anpil.
Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay.
Pa kon Caïn, ki te apatyen a mechan a, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa yo a frè l te jis.