Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 6:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 Paske jalouzi fè laraj nan yon nonm; li p ap fè gras nan jou vanjans lan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

34 Lè yon mari ap fè jalouzi pou madanm li, nanpwen move tankou l. Jou li mete men sou nèg la, pa gen anyen li p'ap fè l.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 6:34
12 Referans Kwoze  

Alò, lè mèt la te tande pawòl a madanm li yo, lè li te pale pou di: “Men sa esklav ou a te fè m nan,” li te vin brile avèk kòlè.


Fanm nan te vin ansent. Li te voye di David: “Mwen ansent.”


Richès pa gen avantaj nan jou jijman an; men ladwati va delivre moun soti nan lanmò.


Fachez rèd fè move. Kòlè se yon inondasyon. Men se kilès ki ka kanpe devan jalouzi.


L ap twouve blesi ak gwo wont, e repwòch li p ap efase menm.


Li p ap dakò dedonmaje ak ranson, ni li p ap satisfè malgre ou fè li anpil kado.


Mete mwen tankou yon so sou kè ou, tankou yon so sou bra ou. Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò. Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo; lè l pete se tankou dife k ap pete. Vrèman se flanm SENYÈ a.


Gade byen, Mwen va fè Mèdes leve kont yo; kont sila ki p ap bay ajan valè yo, ni pran plezi nan lò yo.


“Phinées, fis a Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te fè detounen kòlè Mwen vè fis Israël yo, akoz li te jalou avèk jalouzi pa Mwen an pami yo; epi konsa, Mwen pa t detwi fis Israël yo nan jalouzi pa Mwen an.


si yon espri jalouzi vin antre sou nonm nan, e si li jalou pou madanm li, e li te konwonpi tèt li a, oswa si yon espri jalouzi vin sou li e li jalou lè li pa t vrèman konwonpi tèt li,


Oubyen èske nou pouse Senyè a a jalouzi? Èske nou pi fò pase Li?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite