Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 38:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Onan te konnen ke posterite sa yo pa t ap pou li. Konsa, li te jete jèm li an atè pou li pa fè pitit pou frè li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Men Onan te konnen pitit la pa t'ap pou li. Se konsa, chak fwa li kouche ak madanm frè li a, li voye atè pou li pat fè pitit pou frè li a.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 38:9
11 Referans Kwoze  

Men sa li te fè a pa t fè SENYÈ a plezi. Li te pran vi li tou.


Paske rankin va touye moun ki plen foli, e jalouzi va touye moun senp lan.


Fachez rèd fè move. Kòlè se yon inondasyon. Men se kilès ki ka kanpe devan jalouzi.


“Lè frè yo viv ansanm, youn nan yo mouri e li pa gen fis, madanm a sila ki mouri an p ap marye deyò fanmi an ak yon lòt mesye. Frè mari li a va antre nan li, epi pran li pou li menm kòm madanm pou fè devwa a yon frè mari a pou li.


Li va rive ke premye ne ke li fè a, li va pran non a frè mouri an, pou non li pa efase soti an Israël.


Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.


Men si nou gen jalouzi, fachez ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a.


Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.


Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”


Naomi te di yo: “Retounen fi mwen yo. Poukisa nou ta dwe ale avè m? Èske m toujou gen fis nan vant mwen pou yo ta vin mari nou?


Anplis, mwen te pran Ruth, Moabit la, vèv a Machlon an, kon madanm mwen, jis pou non a mò a kapab leve sou eritaj pa li. Pou non a mò a pa vin dekoupe soti nan frè li yo, ni nan rejis tribinal nesans li a. Nou se temwen jodi a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite