Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 38:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Men sa li te fè a pa t fè SENYÈ a plezi. Li te pran vi li tou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Sa l t'ap fè a pat fè Senyè a plezi. Se konsa Senyè a fè l mouri tou.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 38:10
13 Referans Kwoze  

Fis a Juda yo: Er, Onan, Schéla, Pérets, ak Zarach. Men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaan. Fis a Pérets yo te Hetsron, avèk Hamul.


Fis a Juda yo te Er avèk Onan, men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaran.


Alò, pèp la te devni kòm sila ki plenyen zafè pwoblèm nan zòrèy a SENYÈ a. Lè SENYÈ a te tande sa, kòlè li te vin limen, dife SENYÈ a te brile pami yo. Li te detwi kèk nan yo nan zòn deyò kan an.


Answit Aggée, mesaje SENYÈ a, te pale nan komisyon SENYÈ a, bay pèp la. Li te di, “Mwen avèk nou, deklare SENYÈ a.”


Malgre sa, Mwen te voye bannou tout sèvitè mwen yo, pwofèt yo, ankò e ankò e Mwen te di: “Ah, pa fè bagay abominab sila ke m menm rayi a.”


Oswa, SENYÈ a va wè l, vin pa kontan e detounen kòlè Li de li.


Mechan an jete anba pa malfezans li; men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.


“Bondye pa t kontan avèk bagay sa a e pou sa, li te frape Israël.


Lè tan kriye a te fini, David te voye mennen li lakay li, li te devni madanm li, e li te fè yon fis pou li. Men bagay ke David te fè a te mal nan zye SENYÈ a.


Balaam te di a zanj SENYÈ a: “Mwen te peche, paske mwen pa t konnen ke ou te kanpe nan chemen an kont mwen. Alò, koulye a, si sa pa fè ou plezi, mwen va vire retounen.”


Si yon nonm vin peche kont yon lòt, Bondye va entèsede pou li. Men si yon nonm peche kont SENYÈ a, se kilès ki kab entèsede pou li?” Men yo pa t koute vwa a papa yo, paske SENYÈ a te vle mete yo a lanmò.


Li te rele SENYÈ a e te di: “O SENYÈ, Bondye mwen an, èske Ou osi te mennen gwo dezas sou vèv la kote mwen rete a e fè pitit li a mouri?”


Fis a Juda yo: Er, Onan, Schéla; twa fèt a li menm pa Bath-Schua, Kananeyen nan. Er, premye ne a Juda a, se te mechan nan zye SENYÈ a, ki te mete li a lanmò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite