Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 26:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Li te posede anpil bann mouton, twoupo avèk anpil chan bèt, jiskaske Filisten yo te vin anvi li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Li te gen kantite kabrit, mouton ak bèf, ak anpil moun ki t'ap sèvi l. Sa te fè moun Filisti yo rayi sò li.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 26:14
16 Referans Kwoze  

Pou sa li te trete Abram byen pou koz li. Li te bay li mouton avèk bèf kabwa avèk bourik, ak sèvitè, ni mal ni femèl, ak femèl bourik avèk chamo.


Epi Abram te trè rich nan bèt, lajan ak nan lò.


SENYÈ a te beni mèt mwen an anpil, jiskaske li vin reyisi anpil. Li te bay li bann mouton ak twoupo, lò ak lajan, sèvitè ak sèvant yo, e chamo ak bourik.


Alò Abraham te bay tout sa li te posede a Isaac;


Konsa, nonm nan te vin pwospere anpil. Li te vin gen gwo bann mouton, sèvant ak sèvitè, chamo avèk bourik.


Frè li yo te fè jalouzi akoz li, men papa li te kenbe pawòl sa yo nan tèt li.


Byen li te monte a sèt-mil mouton, twa-mil chamo, senk-san bèf kabwèt, senk-san femèl bourik ak anpil sèvitè. Nonm sila a se te pi gran òm nan tout pati lès la.


SENYÈ a te beni dènye jou a Job yo plis pase premye yo. Epi li te gen katòz-mil mouton ak si-mil chamo, ak mil bèf kabwèt ak mil femèl bourik.


Paske rankin va touye moun ki plen foli, e jalouzi va touye moun senp lan.


Mechan an va wè l e l ap vekse nèt. Li va manje dan l e vin fonn pou l disparèt. Dezi a mechan an va peri.


Anpil byen ak gwo richès rete lakay li. Ladwati li dire pou tout tan.


Benediksyon SENYÈ a fè moun rich; konsa li pa mele ak chagren.


Fachez rèd fè move. Kòlè se yon inondasyon. Men se kilès ki ka kanpe devan jalouzi.


Mwen konn wè tout zèv ak tout metye ki konn fèt, fèt akoz lanvi antre yon nonm ak vwazen li. Sa anplis se vanite ak fè lachas dèyè van.


Depi nan jou sa a, Saül te veye David de prè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite