Konsa, yo te pann Haman sou wo etaj ke li te prepare pou Mardochée a e kòlè a wa a te vin bese.
Pwovèb 26:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sila ki fouye fòs la va tonbe ladann, e sila ki woule wòch la, sou li menm l ap retounen. 1998 Haïtienne Moun k'ap tann pèlen pou lòt se yo menm k'ap pran ladan li. Moun ki konmanse woule wòch la, se li menm ankò wòch la ap kraze. |
Konsa, yo te pann Haman sou wo etaj ke li te prepare pou Mardochée a e kòlè a wa a te vin bese.
Men lè li te rive nan atansyon a wa a, li te pase lòd pa lèt ke manèv mechan li an pou li te divize kont Jwif yo ta retounen sou pwòp tèt li, e ke li menm avèk fis li yo ta pann sou wo etaj la.
Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo. Kite yo kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a.
Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo; Nanm mwen koube ba. Yo te fouye yon fòs devan m. Yo te tonbe nan mitan li. Tan
Nasyon yo fin fonse kole nan twou fòs yo te fè a; nan pèlen yo te fè, pwòp pye yo vin kole ladann.
Sila ki egare moun dwat la nan move chemen an va li menm tonbe nan pwòp fòs li; men sila ki san tò a, va gen bon eritaj.
Sila ki fouye fè yon twou ka byen tonbe ladann, e yon sèpan ka mòde gèrye a ki kraze yon miray.
Paske Jérusalem chape glise e Juda fin tonbe akoz pawòl ak zak yo kont SENYÈ a; pou yo fè rebèl kont prezans sen Li an.