Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 57:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo; Nanm mwen koube ba. Yo te fouye yon fòs devan m. Yo te tonbe nan mitan li. Tan

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 (7) Lènmi m yo tann yon pèlen sou wout kote pou m pase a. Kè m sere anpil. Yo fouye yon twou sou wout mwen. Men, se yo menm ki tonbe ladan li.

Gade chapit la Kopi




Sòm 57:6
18 Referans Kwoze  

Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan.


A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout .


Pou sila ke Ou tèlman renmen an, kapab delivre. Sove avèk men dwat Ou e reponn mwen!


Ògeye yo fin ranje yon pèlen pou mwen. Avèk kòd, yo te ouvri yon pèlen bò wout la. Yo fin plase yon pyèj pou mwen. Tan


Lè lespri m te fin bat anndan m, Ou te konnen chemen mwen. Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen.


Pou sa, lespri m kraze nèt anndan m. Kè m nan gwo twoub anndan m.


SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe. Li leve wo tout sila ki vin pwostène yo.


O Bondye mwen, nanm mwen pèdi espwa anndan mwen. Pou sa, mwen sonje Ou soti nan peyi Jourdain an avèk tèt mòn Hermon yo, soti kanpe nan Mòn Mitsear.


Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo, Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo, pou fè lènmi an avèk vanjè a sispann.


Sila ki egare moun dwat la nan move chemen an va li menm tonbe nan pwòp fòs li; men sila ki san tò a, va gen bon eritaj.


Yon nonm ki flate vwazen li ap ouvri filè pou pla pye li.


Moun fidèl fin disparèt sou latè a, e nanpwen moun dwat pami lòm. Yo tout kouche an anbiskad pou vèse san; yo tout fè lachas dèyè frè yo ak pèlen.


men vrèman, jan Mwen viv la, tout latè va ranpli avèk laglwa SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite