Epi youn te ale nan chan an pou ranmase epis yo e yo te twouve yon lyann sovaj. Li te ranmase sou li kont joumou pou plen vètman li. Li te vin koupe yo, pou fè yo antre nan bouyon, paske yo pa t rekonèt yo.
Pwovèb 19:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Anplis, li pa bon pou gen gwo kouraj, san konesans, ni pou prese rive fè fo pa. 1998 Haïtienne Sa pa bon pou ou prese fè anyen san ou pa konprann sa w'ap fè. Si ou pa gen pasyans, ou ka nan pwoblèm. |
Epi youn te ale nan chan an pou ranmase epis yo e yo te twouve yon lyann sovaj. Li te ranmase sou li kont joumou pou plen vètman li. Li te vin koupe yo, pou fè yo antre nan bouyon, paske yo pa t rekonèt yo.
Lèv a moun dwat yo fè anpil moun manje; men moun fou yo mouri akoz mank bon konprann.
Sila ki lan nan kòlè a, gen gwo konprann; men sila ki fè fache vit, leve foli byen wo.
Plan a dilijan an mennen byen si, vè avantaj; men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.
Pa fè vit lantre nan tribinal pou diskite ka ou; anfen, sa ou va fè lè vwazen ou fè ou desann nèt.
Yon nonm fidèl va gen anpil benediksyon; men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.
Èske ou wè yon nonm ki pale vit san reflechi? Gen plis espwa pou moun fou a pase li menm.
Anplis akoz li te yon nonm saj, predikatè a te enstwi pèp la ak konesans. Wi, li te reflechi, chache twouve, e te aranje anpil pwovèb.
Lè branch li yo vin sèch, yo vin kase yo. Fanm yo va vini pou fè dife avèk yo, paske se yon pèp san konprann. Akoz sa Kreyatè yo a p ap fè konpasyon sou yo. Li ki te fòme yo a p ap bay yo gras.
Pou sa, Senyè BONDYE a di: “Gade byen, Mwen ap poze nan Sion yon wòch, yon wòch eprèv, yon wòch ang prensipal pou fondasyon ki plase byen solid la. Sila ki kwè nan li a, p ap twouble menm.
Pèp Mwen an detwi akoz mank konesans. Akoz ou te rejte konesans, Mwen menm tou, Mwen va rejte ou. Ou p ap ka fè prèt pou Mwen, akoz ou te bliye lalwa Bondye. Konsa, Mwen menm tou, Mwen ap bliye pitit nou yo.
Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman.