Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 14:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Sila ki lan nan kòlè a, gen gwo konprann; men sila ki fè fache vit, leve foli byen wo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

29 Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 14:29
20 Referans Kwoze  

Yon nonm kolerik aji nan foli, e yon nonm kokèn va rayi pa lòt yo.


Nan fòs kantite a pèp yo se glwa a yon wa, men afè prens ki manke moun gate nèt.


Yon nonm ki kolerik pwovoke konfli; men sila ki lan nan kòlè a kalme yon kont.


Sila ki lan nan kòlè a pi bon pase pwisan yo; e sila ki gouvène lespri li a pi bon pase sila kap kaptire yon gran vil.


Sila ki kenbe pawòl li, gen konesans; e sila ki gen lespri kalm nan se yon nonm ak bon konprann.


Yon nonm ak bon konprann lan nan kòlè; se glwa li pou bliye yon transgresyon.


Tankou yon gran vil ki kase antre san miray, se konsa yon nonm ki pa kontwole pwòp tèt li.


Pa fè vit lantre nan tribinal pou diskite ka ou; anfen, sa ou va fè lè vwazen ou fè ou desann nèt.


Mete valè li wo e li va fè ou leve; li va bay ou onè si ou anbrase l.


Foli plase nan anpil kote byen wo pandan rich yo chita kote ki ba.


Lè yon bagay fin fèt, li pi bon pase lè l te kòmanse a. Pasyans nan lespri pi bon pase awogans lespri a.


Pa chofè kè ou pou vin fache; paske fache rete nan kè a moun ensanse.


Alò, nonm Moïse la te trè enb, plis pase tout moun ki te sou sifas latè a.


Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou.


Lè Hérode te vin wè ke li te twonpe pa mesye saj yo, li te vin anraje. Konsa, li te voye touye tout ti gason mwens ke de zan nan tout anviwon Bethléem nan, selon tan li te vin konprann pa mesye saj yo.


Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite