Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Pwovèb 19:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa; pa chache lanmò li.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Korije pitit ou yo lè yo piti toujou. Men, pa bat yo jouk ou touye yo.

Gade chapit la



Pwovèb 19:18
9 Referans Kwoze  

Sila ki ralanti baton li, rayi fis li; men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.


Yon nonm ak gwo kòlè va pote pinisyon li; paske si ou pwoteje moun nan ou va oblije fè l ankò.


Foli mare nan kè a yon timoun; baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.


Tankou yon gran vil ki kase antre san miray, se konsa yon nonm ki pa kontwole pwòp tèt li.


Baton ak repwòch bay sajès; men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.


Korije fis ou e li va ba ou rekonfò; anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.


“Si yon nonm vin gen yon fis tèt di k ap fè rebelyon, epi li refize obeyi papa li oswa manman li, epi lè l resevwa chatiman, li pa menm koute yo,