15 Foli mare nan kè a yon timoun; baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.
15 Timoun toujou ap fè move bagay. Men, fwèt ap fè yo pa rekonmanse ankò.
Se kilès ki kab fè pwòp sa ki pa pwòp? Pèsòn!
Gade byen, mwen te fèt nan inikite, e se nan peche manman m te vin ansent mwen.
Sila ki ralanti baton li, rayi fis li; men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.
Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa; pa chache lanmò li.
Kout fwèt ki blese fè disparèt mechanste; li frape rive nan pati pi fon yo.
Baton ak repwòch bay sajès; men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.
Korije fis ou e li va ba ou rekonfò; anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.
Sa ki ne nan lachè se lachè, men sa ki ne nan Lespri, se Lespri.
Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo.