Pwovèb 18:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pou yon nonm rich, byen li se yon vil ki fò; kon yon miray byen wo nan panse li. 1998 Haïtienne Pou moun rich yo, byen yo tankou yon ranpa byen solid. Yo mete nan tèt yo se sa k'ap pwoteje yo. |
Mesye rich la saj nan pwòp zye l; men malere ki gen bon konprann nan wè l jis li sonde l nèt.
Paske sajès se yon pwotèj, menm ke lajan se yon pwotèj la; men avantaj a bon konprann nan se ke sajès va prezève lavi a sila ki genyen l.
Pale, “Konsa di SENYÈ a, “‘Kadav moun yo va tonbe tankou fimye bèt nan chan, tankou men plen sereyal lè moun fin rekòlt la. Pèsòn p ap ranmase yo.’”