Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Pwovèb 17:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Yon sèvitè ki aji avèk sajès va renye sou yon fis ki aji ak wont; li va pataje eritaj la pami frè yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Yon esklav ki gen konprann va chèf sou yon pitit ki fè papa l wont. L'a jwenn pa l nan eritaj papa a tankou tout pitit.

Gade chapit la



Pwovèb 17:2
9 Referans Kwoze  

Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an a, se yon fis ki aji ak sajès; men sila ki dòmi nan lè rekòlt la, fè gwo wont.


Sila ki mennen twoub lakay li va eritye van; e san konprann nan va vin sèvitè a sila ki gen kè saj la.


Favè a wa a se anvè sèvitè ki aji ak sajès; men kòlè li se anvè sila ki fè gwo wont.


Pi bon se yon mòso pen sèch ak lapè pase yon kay ak gwo manje nan konfli.


Po rafine se pou ajan, e founo se pou lò; men SENYÈ a ap sonde tout kè.


Sila ki atake papa li e chase manman l ale, se yon fis ki fè wont ak dega patou.


Baton ak repwòch bay sajès; men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.


Yon jennjan ki malere men ki gen sajès, miyò pase yon ansyen wa ki ensanse, e ki pa konn resevwa konsèy.