Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.
Pwovèb 16:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen SENYÈ a te fè tout bagay pou pwòp sèvis li; menm mechan yo pou jou jijman an. 1998 Haïtienne Tou sa Senyè a fè, li gen yon rezon ki fè l fè li. Menm mechan an, li kreye l pou l ka pini l. |
Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.
Li mache egare pou chache manje epi di: ‘Kote li ye?’ Konsa, li konnen ke jou tenèb la gen tan rive.
Men vrèman, pou rezon sa a, Mwen kite nou la jiska prezan: pou M kapab montre nou pouvwa Mwen e pwoklame pouvwa Mwen sou tout latè.
Li te fè tout bagay bon nan tan li. Anplis, Li te mete letènite nan kè yo, pou ke lòm pa ka fin konprann travay Bondye te fè a soti nan kòmansman jis rive nan lafen.
tout moun ki rele pa non Mwen e ke Mwen te kreye pou glwa Mwen, ke M te fòme, menm sa ke m te fè.”
Paske soti nan Li, atravè Li, e akoz Li se tout bagay. A Li menm laglwa jis pou tout tan, Amen.
Kisa, si Bondye, malgre volonte L pou montre lakòlè Li, ak fè moun wè pwisans Li, te andire avèk anpil pasyans ak veso lakòlè ki te prepare pou detwi yo.
Epi: “yon wòch pou fè moun bite e yon wòch ofans.” Yo bite konsa akoz yo dezobeyisan a pawòl la, e se pou move desten sila a, yo te deziye.
Epi nan vorasite yo, yo va eksplwate nou avèk fo pawòl, men jijman a yo menm ki te prepare depi nan tan lontan an p ap mize, e destriksyon yo p ap dòmi.
Alò Senyè a konnen kijan pou Li delivre moun Li yo de tantasyon, e pou kenbe mechan an anba pinisyon pou jou jijman an.
“Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”