3 Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a, e plan ou yo va etabli.
3 Mande Senyè a pou l beni tout travay w'ap fè, w'ap reyisi nan tou sa w'ap fè.
Nan tout chemen ou yo rekonèt Li; konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen. Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.
Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye.
Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
“Men pou mwen, mwen ta chache Bondye, pou m ta plede kòz mwen devan Bondye.
Anplis, ou va fè yon dekrè e li va etabli pou ou; konsa limyè va briye sou wout ou.
Li te di sa a disip Li yo: “Pou rezon sa a, Mwen di nou, pa twouble pou lavi, pou sa nou va manje, ni pou kò nou, konsi, pou kijan nou ap abiye nou.