Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 1:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

31 Bondye gade sa l te fè a, li wè l bon nèt. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te sizyèm jou a.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 1:31
21 Referans Kwoze  

Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li resevwa avèk remèsiman,


O SENYÈ, a la zèv Ou yo anpil! Nan sajès, Ou te fè tout bagay. Latè ranpli ak byen Ou yo.


Paske nan si jou, SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, lanmè a, ak tout sa ki gen ladann, e Li te repoze nan setyèm jou a. Konsa, SENYÈ a te beni jou Saba a, e te fè l sen.


Kite glwa SENYÈ a dire jis pou tout tan. Kite SENYÈ a rejwi nan zèv Li yo.


Èske sa ki bon ak sa ki mal pa soti nan bouch a Pi Wo a?


lè zetwal maten yo te chante ansanm, e tout fis Bondye yo te rele fò ak gran jwa?


Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo. Konsa, Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo.


Te gen aswè ak maten, yon senkyèm jou.


Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou.


Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Konsa, te gen aswè, ak maten, yon jou.


Te gen aswè, e te gen maten, yon katriyèm jou.


Te gen aswè, ak maten, yon twazyèm jou.


paske li sanktifye pa mwayen pawòl Bondye a ak lapriyè.


Li se yon sign antre Mwen avèk fis Israël yo pou tout tan. Paske nan sis jou SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, men nan setyèm jou a Li te pran repo, e Li te vin rafrechi Li.’”


Ou bay yo, e yo ranmase li. Ou ouvri men Ou, e yo satisfè ak bonte.


Ou bon e Ou fè sa ki bon. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.


SENYÈ a te fè tout bagay pou pwòp sèvis li; menm mechan yo pou jou jijman an.


Li te fè tout bagay bon nan tan li. Anplis, Li te mete letènite nan kè yo, pou ke lòm pa ka fin konprann travay Bondye te fè a soti nan kòmansman jis rive nan lafen.


Epi Bondye te beni setyèm jou a. Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay kreyasyon an, ke Li te fè a.


Wòch la! Zèv Li yo pafè, paske tout chemen li yo jis. Yon Bondye fidèl e san enjistis, dwat e jis ke Li ye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite