Pwovèb 15:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yon lang ki kalme se yon pyebwa lavi; men si l gen desepsyon, l ap kraze lespri. 1998 Haïtienne Bon pawòl yon zanmi bay lavi. Men, move pawòl demanbre. |
Genyen yon moun ki pale san pridans tankou sila k ap goumen ak nepe yo; men lang a saj la pote gerizon.
Lespri a yon nonm kapab sipòte maladi; men nan ka lespri brize a, se kilès ki kab sipòte li?
Pawòl a sila ki chichote pawòl nan zòrèy moun nan se tankou bonbon ki gen gou dous; se jis nan fon kò a yo desann.
Pawòl a moun k ap chichote nan zòrèy moun nan, vin tankou bèl ti mòso delika. Yo desann rive jis nan pati pi fon kò a.
Li se yon pyebwa lavi a sila ki pran l yo, e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.
Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo.
Si yon moun ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a,
“Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, Mwen va kite l manje nan pyebwa lavi a ki nan Paradi Bondye a.