Pwovèb 12:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Panse a moun dwat yo jis; men konsèy a mechan yo se desepsyon. 1998 Haïtienne Yon nonm serye p'ap janm mete nan tèt li pou l fè ou lenjistis. Men, mechan yo ap toujou chache twonpe ou. |
Yon bon madanm se kouwòn a mari li; men sila ki fè l wont lan se tankou pouriti nan zo li.
Pawòl a mechan yo kouche tann pyèj pou vèse san; men bouch moun dwat yo va delivre yo.
Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li; men betiz a moun ensanse a se desepsyon.
Kite mechan an abandone chemen li an, ak pechè a, panse li yo. Kite li retounen kote SENYÈ a e Li va gen mizerikòd sou li; anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.
Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou?
“Yo koube lang yo konsi se banza pou tire ak fo prensip. Yo fò nan peyi a, men pa pou verite a. Yo kite yon kalite mal pou antre nan yon lòt, e yo pa rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
Yo tout pase vwazen parèy yo nan rizib. Yo refize pale verite. Yo fin enstwi pwòp lang yo pou pale manti; yo vin fatige nèt nan fè inikite.
Lè Hérode te vin wè ke li te twonpe pa mesye saj yo, li te vin anraje. Konsa, li te voye touye tout ti gason mwens ke de zan nan tout anviwon Bethléem nan, selon tan li te vin konprann pa mesye saj yo.
Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.
Men nou renonse a bagay ki fèt an kachèt ki fè wont yo. Nou pa mache nan riz, ni nan kase fòs pawòl Bondye a ak desepsyon, men ak demonstrasyon verite a, nou rekòmande tèt nou a konsyans tout moun devan zye Bondye.