Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Matye 26:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Epi yo te fè konplo ansanm pou sezi Jésus an sekrè e touye Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Mesye yo mete tèt yo ansanm pou fè plan pou yo te ka arete Jezi pou yo fè touye li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Yo t ap mare yon konplo an sekrè pou wè kijan yo te ka arete Jezi epi touye li.

Gade chapit la Kopi




Matye 26:4
10 Referans Kwoze  

Men Farizyen yo te soti deyò, pou fè konplo ansanm kont Li, sou kijan yo ta kapab detwi L.


Li te di: “Ou menm ki ranpli ak desepsyon ak fwod, ou menm fis a dyab la, ou menm lènmi a tout ladwati, èske ou p ap janm sispann fè kwochi chemen dwat a Senyè a?


Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo pran konsèy ansanm kont SENYÈ a, e kont onksyone pa Li a:


Se te li menm ki te sèvi gwo koken pou pran avantaj sou ras nou an, e maltrete zansèt nou pou yo ta kab fè zanfan pa nou yo pa t kab viv.


Bann sèpan, nich ranpli ak koulèv; kijan pou nou ta kapab chape de chatiman lanfè a?


Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”


Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la.


Alò, Pak Jwif la avèk Pen San Ledven an, t ap fète nan de jou. Konsa, chèf prèt avèk skrib yo t ap chache kijan pou yo ta sezi L pa riz pou touye Li.


Depi jou sa, yo t ap fè plan pou touye L.


Pa kouche mete pyèj, o lòm mechan, kont kote ke moun dwat la rete a. Pa detwi kote repo li a;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite