Pwovèb 12:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yon nonm p ap etabli ak mal la; men rasin moun dwat la p ap sòti menm. 1998 Haïtienne Fè mechanste pa bay moun fòs pou yo rete kanpe. Men, moun ki mache dwat p'ap janm brannen. |
Li pa vèse bay lajan li avèk enterè, ni li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an. Sila ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.
Lè toubiyon an fin pase, mechan an vin disparèt; men moun dwat la gen yon fondasyon etènèl.
Ladwati a sila ki san tò a va fè wout li vin swa; men mechan an va tonbe akoz pwòp inikite pa Li.
Nanpwen moun ki ka sèvi ak van pou anpeche van, ni ki gen otorite sou jou lanmò a; epi pa gen lese tonbe ni kite nan tan lagè, ni mal la kap fèt p ap delivre sila ki fè l yo.
Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou,
Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plenn avèk remèsiman an.
Beni se sajès ou. Beni se ou menm ki te kenbe m jou sa a pou m pa vèse san, e fè vanjans mwen menm avèk pwòp men m.