Pwovèb 12:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann; men yon bon pawòl fè l leve. 1998 Haïtienne Tèt chaje kraze kouray yon moun. Men, yon bon pawòl fè kè l kontan. |
Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen? Epi poukisa ou vin twouble anndan mwen? Mete espwa ou nan Bondye, paske m ap louwe Li ankò, O soutyen kè mwen an, e Bondye mwen an.
Genyen yon moun ki pale san pridans tankou sila k ap goumen ak nepe yo; men lang a saj la pote gerizon.
Yon nonm jwenn kè kontan nan yon repons ki jis, e a la bèl yon mo livre nan pwòp lè li bèl!
Lespri a yon nonm kapab sipòte maladi; men nan ka lespri brize a, se kilès ki kab sipòte li?
Senyè a te ban Mwen lang a sa yo ki enstwi yo, pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige. Li fè M leve maten apre maten, Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip.
SENYÈ a te reponn zanj ki t ap pale avè m nan ak pawòl ki plen gras, pawòl dous ki pou kalme.