Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 15:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Yon nonm jwenn kè kontan nan yon repons ki jis, e a la bèl yon mo livre nan pwòp lè li bèl!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Ala kontan ou kontan lè ou jwenn yon bon repons pou ou bay! Ala bon sa bon lè ou jwenn yon pawòl ki tonbe daplon!

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 15:23
14 Referans Kwoze  

Kèl doulè pawòl onèt sa yo genyen! Men kisa diskou ou a pwouve?


Yon nonm va satisfè avèk sa ki bon kon fwi a pawòl li, e zèv lamen a yon nonm va retounen kote li.


Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann; men yon bon pawòl fè l leve.


San konsèy, plan yo vin jennen; men ak anpil konseyè, yo vin reyisi.


Lèv ki dwat se plezi a wa yo; e sila ki pale dwat, vin renmen.


Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl; dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.


Yon repons onèt tankou yon bo sou lèv yo.


Gen yon lè apwente pou tout bagay. Epi gen yon tan pou chak sa ki rive anba syèl la—


Senyè a te ban Mwen lang a sa yo ki enstwi yo, pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige. Li fè M leve maten apre maten, Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip.


De disip yo te tande l pale, epi yo te swiv Jésus.


E lè li tande sa, li te leve vit, epi t ap vin kote Li.


Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite